MESAJ PREZIDAN REPIBLIK LA

 

9 AVRIL 2008
PALÈ NASYONAL


Pèp Ayisyen

Depi kèk jou gwo manifestasyon nan lari a kont lavichè.

Pa respè pou wou ka p soufri,
Pa respè pou tèt mwen ki pa ka ba w manti, m ap di w pawòl la jan l ye a.
N ap pale an granmoun.

Lavichè k ap makònen trip Pèp ayisyen jodi a, l ap makònen trip yon bann lòt peyi sou la tè.

Lavichè a, li frape peyi rich kou pòv.
Menm lè pèp peyi rich yo ka sipòte, sa pa anpeche yo manifeste.

Pou peyi pòv yo se pa pale: Mawòk, Bouwoundi, Kamewoun, Kotdivwa, Senegal, Legyp, elatriye. Nou fè nouvèl... tout kote se menm rèl la, menm leve kanpe kont lavichè a.

Men, kisa n ap fè, nou menm ayisyen, fas a sitiyasyon sa a?

Èske boule kawotchou, kraze magazen, boule kay, kraze machin ap fè pri manje bese an Ayiti?

Èske kraze brize ap fè pri pwodwi n ap achte lòtbò dlo yo bese paske nou fache?

An 2007, ane ki sot pase la a, pri manje an jeneral ogmante prèske 50% sou mache entènasyonal la. Pri ble pou fè pen, pri diri, mayi, lwil, double, menm triple pandan 2 lane ki sot pase la a.

De 1998 a 2008, pri petwòl la pase de 10 dola baril a plis pase 100 dola baril, e l ap monte chak jou pi plis. Pri siman, pri fè, ap ogmamte a yon vitès moun pa janm wè sou latè.

Si pri ogmante sou mache entènasyonal la, l ap ogmante tou an Ayiti paske se enpòte n ap enpòte.

Si yon moun di nou pri sou mache entènasyonal la ap bese, di l se manti. M ba w garanti se manti.

Alòs, ki solisyon pou noumenm an Ayiti?

Èske solisyon an se retire taks sou fè, sou siman, sou gazolin?
Si se solisyon an sa, di m ak kisa nou pwal fè wout, bati lekòl, lopital, elatriye?

Èske solisyon an se retire taks sou diri ak lòt manje ki sòti lòtbò dlo?
Lè sa a n ap ede pwodi ki sot a letranje yo fin kraze ti rès pwodiksyon nasyonal nou an.

An 1987, lè nou te fè diri bon mache rantre anndan peyi a anpil moun te bat bravo. Diri etranje bon mache kraze diri Latibonit la. Jodi a, diri enpòte vin chè pandan pwodiksyon nasyonal nou an kraze.

Egal, mizè pi rèd!

Kidonk , sibvansyone manje k ap sot lòtbò se pa solisyon an sa.
Na p peye jodi a pri yon politik ki gen plis pase 20 lane l ap aplike.

M ap di nou ki solisyon mwen wè:

Olye n ap sibvansyone manje ki sot lòtbò dlo, ann sibvansyone pwodiksyon nasyonal agrikòl nou an.

Pa ekzanp, men lapli kòmanse tonbe. Anpil peyizan gen pwoblèm pou yo plante paske pri angrè a twò chè.

M pwopoze pou Leta ayisyen sibvansyone pri angrè pou peyizan ka jwenn angrè a a mwatye pri e menm mwen chè.

Pandan peyizan an ap plante fòk Leta peye l pou l netwaye kanal toupatou kote sa dwe fèt pou l gen kòb nan men l pandan l ap tann rekòt.
Peyizan an rele sa boukannen tann bouyi..

M pwopoze, lè rekòt la bon, nou sibvansyone lavant diri a pou li ka vann pi bon mache. Vant diri sa a kapab fèt atravè de sant de distribisyon byen òganize.

Jodi a, peyi a enpòte 360 mil tòn diri pa ane pou 750 dola tòn. Sa vle di nou genyen 270 milyon dola ki kite peyi a chak ane, pou achte diri lòtbò dlo.

Jodi a, Ayiti ap pwodwi 90 mil tòn diri. Si nou rive pwodwi 4 fwa plis, e li posib, n ap rive ranplase diri enpòte a pa diri ki pwodwi isit, lakay. Lè sa a kòb diri enpòte a, 270 milyon dola pa an, ap rete isit nan men peyizan an.

M ap repete, m pa gen pwoblèm pou nou sibvansyone lavant diri nasyonal la pou l ka koute mwen chè. Men yon solisyon pou nou bese pri diri a : sibvansyone diri nasyonal la, pa diri enpòte a.

Jodi a, m ap pran yon lòt ekzanp, nou konnen gen yon pwoblèm ze nan lari a. Ayiti kòmande 360 milyon ze pa ane pou anviwon 9 milyon dola. Avèk kriz sa a, sou ze a, Ministè Agrikilti lanse yon pwogram k ap pwodwi jodi a 3 milyon ze pa ane. Nan yon lane, l ap rive pwodwi 300 milyon., 300 milyon ze. Kidonk prèske menm kantite valè ze n ap enpòte.

Menm jan pou diri a, nou pa wè pwoblèm pou nou ede ze sa a vann mwen chè sou mache nasyonal la. Sa k ap fè pri ze a bese.

Olye n ap enpòte zèl poul, poukisa nou pa relanse pwodiksyon poul nan peyi a, e menm tan, pwodwi ze pou pri ze a bese.

Nou ka rete sou 2 ekzanp sa yo. 

 

Men nou ta ka pran tou lòt ekzanp. Tankou sa Lèt a gogo ap pouse kounye a. Nou ta ka pran pwason ka p pwodwi nan lak nou yo oubyen pwason k ap peche. Leta ta ka sibvansyone yo, pou yo vin koute mwen chè.

Se sa ki solisyon dirab la. Se pwodiksyon nasyonal la, sibvansyon manje nasyonal la.


Men , Pèp ayisyen, rezoud pwoblèm grangou se pa sèlman desann pri manje, se pèmèt moun achte plis manje ak kòb ki nan men l paske pri lòt bagay li bezwen pou viv ap bese, tankou pri transpò, pri sante, pri lekòl.

Pou pri lasante bese, pou pri lekol bese, fòk gen plis lopital, fòk gen plis lekòl.

Pou pri transpò bese, fòk Leta mete sou pye yon sistèm transpò piblik tankou Sèvis Plis.

Pou pri transpò bese, fòk gen pi bon wout ki p ap kraze pyès machin.

Yon liv yanm vann 2 goud sèten kote andeyò. Li vann 15 goud Pòtoprens paske pa gen wout.

Si gen bon wout, pri manje ap bese. Fòk nou remete kanpe CNE sou pye pou nou fè wout rapid rapid jan sa te konn fèt pou manje soti andeyò pi fasil pou rive lavil a meyè pri.

Pèp Ayisyen,

Se ant nou menm ayisyen pou nou rezoud pwoblèm yo.

Nou pwal pale ak enpòtatè pou wè kisa ki ka fèt sou pri yo, menm si li pa anpil.

N ap mande tout moun ka p touche plis pase 30 mil goud nan Leta bay 10% salè yo pandan yon ti tan pou ede sak pi bezwen yo. Se nan solidarite youn ak lòt n ap jwenn bon rezilta.

Leta pandan ane ki sot pase la a bay tout fonksyonè l 35% ogmantasyon. Jodi a, noumernm ki te jwenn ogmantasyon, n ap mande w solidarite ak sa k pa genyen yo. Sa ka ede yo nan moman difisil peyi a ap viv la a.

M mande minis yo ak lòt gwo fonksyonè Leta yo fè yon efò pou yo depanse mwens, nan vwayaj ak lòt depans ki pa nesesè.

Solidarite ant nou.

M mande tout sitwayen ki dwe peye taks, ranpli devwa patriyotik yo, pou Leta ka jwenn kòb pou l ede sa k pa genyen yo.


Pèp Ayisyen,

Pwoblèm yo difísil e yo la lontan an Ayiti.

Pwoblèm yo difísil e, jodi a, yo mondyal.

Se pa nan pwomès demagojik ni nan solisyon ekonomik fasil, ni nan manifestasyon kraze brize y ap rezoud.

Okontrè.

Pwomès demagojik ap mennen plis fristasyon lè rezilta yo yo pa rive. Sa ap mennen plis kòlè, lè pwomès ki te fèt yo pa kenbe.

Desizyon ekonomik fasil tankou retire taks sou manje enpòte se mete absè sou klou, paske lè sa a, se pwodiksyon nasyonal la k ap kraze pi plis.

Manifestasyon kraze brize ap ogmante mizè malerèz ak malere.
Manifestasyon kraze brize p ap fè pri manje bese, l ap fè pri manje ogmante.
Manifestasyon ap anpeche envestisman ki ta ka kreye travay vin fèt anndan peyi a.

M pwofite felisite Polis Nasyonal la ak Minista ki pote kole nan jounen difisil n ap pase la a.

M voye senpati m bay moun ki pèdi afè yo, e kondoleyans mwen bay fanmi ki pèdi moun, ki pèdi paran.

Pèp Ayisyen,

M konprann kòlè w.

M konprann dezespwa w fas a lavichè a.

Pa respè pou wou, m di w laverite, m pwopoze w de solisyon, de solisyon dirab.

Ann pran wout devlòpman dirab la, wout ki pou kòmanse retire noumenm nan pwoblèm jodi a, e ki pou retire pitit nou ak pitit pitit nou nan pwoblèm demen, apre demen.

Wout sa a se wout nasyonal la: sibvansyon pwodiksyon nasyonal, sibvansyon konsomasyon nasyonal. Sibvansyon pandan yon tan, pou n soulaje mizè grangou a.

Men pou sa, fòk nou reprann wout lapè a.

Fòk nou travay ansanm.

Apre eleksyon, nou te fè yon gouvènman ki mennen stabilite politik.
Jodi a, nou ka reflechi sou kòman nou ka louvri patisipasyon politik la, nan gouvènman an, nan Leta an jeneral. Se lè tou pou nou evalye travay gouvènman sa a.

Pèp Ayisyen,

Oumenm k ap soufri, oumenm ki nan lari a, akoz de lavichè a, m mande w poze.

Moun k ap fè dezòd,
Moun k ap kraze brize,
Moun k ap voye wòch, k ap mete dife,
M ba nou lòd kanpe. Lapolis p ap ka tolere dezòd ankò.
Popilasyon an p ap ka tolere dezòd ankò.

Ann retabli lapè a pou tout sa m sot di la yo, yo mete yo an aplikasyon nan tèt ansanm.

Kenbe la.

N ap travay e nou espere jwenn solisyon, solisyon dirab ki pou soti nou nan difikilte ke politik tèt anba mete nou ladan l depi anpil , anpil ane.

Solisyon an pa fasil. Pwodiksyon nasyonal la, se li ki bon wout la. Se li ki bon pou nou jodi a, se li k ap bon pou pitit nou demen.

Kenbe fèm.

 

 

 

MESSAGE DU PRESIDENT DE LA REPUBLIQUE
 
9 AVRIL 2008
PALAIS NATIONAL

 

 
Peuple haïtien,

 

Depuis quelques jours il y a d’importantes manifestations de rue contre la cherté de la vie.

 

Par respect pour vous qui souffrez,
Par respect pour moi qui ne veux pas vous mentir, je vais vous dire exactement ce qu’il en est.
Parlons en adultes.

 

La vie chère à laquelle est confronté aujourd’hui le Peuple haïtien est le lot de plusieurs autres pays. Ce phénomène atteint les pays riches comme les pays pauvres. Même dans les pays riches qui peuvent mieux faire face à la cherté de la vie, les populations manifestent.

 

Que dire des pays pauvres: au Maroc, au Burundi, au Cameroun, en Côte d’Ivoire, au Sénégal, en Egypte, etc… partout, c’est le même cri, c’est la même mobilisation populaire contre la cherté de la vie.

 

Que devons nous faire, nous, face à cette situation?

 

Est-ce que la nourriture deviendra moins chère en Haití parce qu’on brûle les pneus dans les rues, qu’on endommage les magasins, qu’on incendie les maisons, qu’on détruit les véhicules?

 

Est-ce que cette mise à sac fera baisser les prix des produits que nous importons parce que vous êtes en colère?

 

L’année dernière, en 2007, les prix de la nourriture, d’une façon générale, ont augmenté de 50% sur le marché international. Les prix du blé, du riz, du maïs, de l’huile, ont doublé et même triplé au cours des deux dernières années.

 

De 1998 à 2008, le prix du baril de pétrole est passé de 10 à plus de 100 dollars et augmente tous les jours un peu plus. Les prix du ciment, du fer augmentent à un rythme infernal.

 

Les prix augmentant sur le marché international augmenteront aussi en Haïti puisque nous importons. Si quelqu’un veut vous faire croire que les prix vont diminuer sur le marché international, dites lui qu’il ment. Je peux vous assurer qu’il ment.

 

Alors, qu’elle est la solution pour nous, en Haïti?

 

Est-ce d’enlever les taxes sur le ciment, le fer, la gazoline? Si nous retenons cette solution, avec quoi construirons-nous les routes, les écoles, les hôpitaux, etc…?

 

Est-ce d’enlever les taxes sur le riz et les autres aliments importés? Alors, nous aiderons les produits alimentaires importés à éliminer définitivement le peu qui nous reste de production nationale.

 

An 1987, beaucoup de gens ont applaudi lorsqu’on a commencé à importer le riz bon marché. Le riz importé bon marché a affaibli le riz de l’Artibonite. Aujourd’hui que le riz importé devient cher, notre production nationale est nettement insuffisante.

 

D’où, l’augmentation de la misère.

 

Donc, subventionner les aliments importés n’est pas la solution. Nous payons aujourd’hui le prix d’une politique appliquée au cours de ces vingt dernières années.

 

Voici, pour moi,  les solutions :

 

Au lieu de subventionner les aliments importés, subventionnons notre production nationale agricole. 

 

Par exemple, en ce début de la saison pluvieuse, beaucoup de paysans font face au prix exorbitant de l’engrais. Je propose que l’Etat haïtien subventionne le prix de l’engrais pour permettre au paysan de l’acheter à moitié prix, ou même moins cher.

 

Pendant le temps de la soudure, préparation des sols, semailles, attente de la récolte, il faut que l’Etat rémunère les travaux de curage de canaux réalisés par le paysan, partout où cela est nécessaire, pour assurer sa subsistance.

 

 

Je propose qu’au moment de la récolte, nous subventionnions la vente du riz pour qu’il soit meilleur marché. Cette vente peut se faire à travers des centres de distribution bien organisés.

 

Aujourd’hui, le pays importe 360.000 tonnes de riz par année, à 750 dollars la tonne. Donc, en un an, 270.000.000 de dollars quittent le pays pour acheter le riz importé.

 

Aujourd’hui, Haïti produit 90.000 tonnes de riz. Si nous en produisons 4 fois plus, et c’est possible, nous remplacerons le riz importé par du riz produit ici, du riz de chez nous. Alors, les 270.000.000 de dollars par an que coûte le riz importé resteront au pays, aux mains des paysans.

 

Je répète, je n’ai pas de problèmes à la subvention de la vente du riz produit localement afin qu’il coûte moins cher. Voilà une solution pour faire baisser le prix du riz : subventionner le riz national et non le riz importé.

 

Je prends un autre exemple. Vous savez qu’aujourd’hui il y a une rareté d’œufs sur le marché. Haïti commande aujourd’hui 360.000.000 d’œufs par année pour un montant de 9.000.000 de dollars. Pour parer à la crise des œufs, le Ministère de l’Agriculture a lancé un programme qui produit 3.000.000 d’œufs par année. Dans un an, ce programme pourra produire 300.000.000 d’œufs, à peu près la même quantité d’oeufs importés.

 

Tout comme pour le riz, il n’y aurait pas de problèmes à aider ces œufs à être vendus moins cher sur le marché national, pour faire baisser les prix.

 

Au lieu d’importer les ailes de poulets, pourquoi ne pas relancer la production de poulets dans le pays, et produire en même temps les œufs afin d’obtenir une baisse des prix.

 

Nous pouvons en rester à ces deux exemples. 

 

Mais nous pourrions aussi bien évoquer « Lèt a gogo » qui est en train de prendre de l’extension. Nous pourrions parler des poissons produits dans nos lacs ou des poissons pêchés localement. L’Etat peut aussi les subventionner pour qu’ils coûtent moins cher.

 

La solution durable consiste à subventionner la production nationale et subventionner les aliments nationaux.

 

 

Cependant, pour résoudre le problème de la faim, il ne suffit pas de diminuer le prix des aliments. Il faut aussi permettre d’acheter plus de nourriture avec l’argent dont on dispose parce que le prix des services de base a diminué, comme le prix du transport, des soins de santé, de l’école.

 

Pour diminuer les coûts de la santé, de l’école, il faut qu’il y ait plus d’hôpitaux, plus d’écoles.

 

Pour que le prix du transport diminue, il faut que l’Etat mette sur pied un système de transport public analogue à Service Plus.

 

Pour que le prix du transport diminue, il faut de meilleures routes afin de préserver les véhicules.

 

Sur le lieu de production, 1 livre d’igname coûte 2 gourdes. A Port-au-Prince, le prix en est de 15 gourdes, parce qu’il n’y a pas de routes.

 

S’il existe de bonnes routes, le prix de la nourriture diminuera. Il faut que nous remettions sur pied le Centre National des Equipements pour, comme autrefois, construire rapidement des routes afin que la nourriture produite à la campagne arrive en ville plus facilement et à meilleur prix.

 

Peuple Haïtien,

 

Les problèmes doivent être résolus entre nous-mêmes, haïtiens.   

 

Nous allons discuter avec les importateurs pour voir ce qui peut être fait au niveau des prix, le peu que ce soit.

 

Nous demandons aux employés de l’Etat gagnant plus de 30.000 gourdes de donner 10% de leur salaire pendant une période déterminée pour aider ceux qui sont dans le besoin. La solidarité apportera de bons résultats.

 

Au cours de l’année écoulée, l’Etat a accordé une augmentation de 35%  à tous ses employés. Aujourd’hui, vous qui avez bénéficié de cette augmentation, l’Etat attend de vous un geste de solidarité envers ceux qui n’ont pas de revenus afin de les aider en ce moment difficile que vit le pays.

 

Je demande aux Ministres et aux hauts fonctionnaires de l’Etat de réduire leurs dépenses, voyages et autres dépenses non nécessaires.

 

Solidarite, solidarité entre nous.

 

Je demande à tous les citoyens de s’acquitter de leurs taxes envers l’Etat, d’accomplir ce devoir patriotique afin que l’Etat trouve les ressources pour aider ceux qui n’en ont pas.

 

Peuple haïtien,

 

Les problèmes sont difficiles et existent depuís longtemps en Haití..

 

Les problèmes sont diffíciles et aujourd’hui, ils sont mondiaux.

 

Ni les promesses démagogiques, ni les solutions économiques faciles, ni les mises à sac ne les résoudront. Au contraire. Les promesses démagogiques amèneront plus de frustrations si les résultats ne sont pas atteints. Il y aura plus de colère si les promesses ne sont pas tenues. Les décisions économiques faciles comme la détaxation de la nourriture importée ne feront qu’envenimer la situation, parce que détruisant encore plus la production nationale.

 

Les manifestations violentes augmenteront la misère des pauvres. Elles ne contribueront pas à la diminution du prix de la nourriture. Elle feront augmenter ce prix. Elles éloigneront du pays les investissemts  créateurs d’emplois.

 

Je félicite la Police Nationale d’Haïti et la MINUSTAH pour leurs interventions au cours de ces chaudes journées.

 

Je présente mes sympathies à ceux qui ont subi des pertes matérielles et mes condoléances à ceux qui ont perdu un parent, un proche.

 

 

Peuple haïtien,

 

Je comprends votre colère, je comprends votre désespoir face à la cherté de la vie.

 

Par respect pour vous, je vous ai dit la vérité. Je vous ai proposé des solutions, des solutions durables.

 

Prenons le chemin du développement durable, celui qui nous permettra de commencer, aujourd’hui,  à résoudre nos problèmes, Celui qui permettra à nos enfants et petits enfants de jouir du développement durable demain et après demain.

 

Ce chemin, c’est le chemin national : subvention de la production nationale, subvention de la consommation nationale. Subvention limitée dans le temps afin de soulager le problème actuel de la faim.

 

Pour que cela se fasse, il faut que nous retrouvions le chemin de la paix. Il faut que nous travaillions ensemble.

 

Après les élections, nous avions mis sur pied un gouvernement qui a permis la stabilité politique. Aujourd’hui, nous pouvons réfléchir à étendre cette ouverture politique à d’autres secteurs, à l’intérieur du gouvernement et, plus largement, dans l’appareil de l’Etat. C’est aussi le moment d’évaluer l’actuel gouvernement.

 

Peuple haïtien,

 

Vous qui souffrez et qui manifestez dans les rue contre la vie chère, je vous demande de vous calmer.

 

A ceux qui utilisent la violence dans les rues, qui pillent, qui incendient, qui lancent des pierres, j’intime l’ordre de cesser ces violences. La Police ne les tolèrera plus, la population ne les tolèrera plus.

 

Rétablissons la paix pour que ce que j’ai énoncé plus haut puisse s’accomplir dans l’unité.

 

Tenez bon.

 

Nous travaillons et espérons trouver les solutions, les solutions durables qui nous sortiront de cette crise, résultat de l’application d’une politique incorrecte durant de trop nombreuses années.

 

La solution n’est pas facile. La production nationale est la bonne solution, pour nous, aujourd’hui, pour nos enfants, demain.

 

Courage, tenez bon.

 

 

 

 


| Main Page| |General Information | |Government and Society| |Links on the Web |
| Business and Economy | |Tourism and Travel | |Visa Regulations | |Documentation |

©2003 Copyright Embassy of the Republic of Haiti